Tèm ak Kondisyon

Dokiman legal

Tèm ak Kondisyon

Kondisyon ki regle itilizasyon platfòm Kominote Online ak acha fòmasyon ak resous dijital yo.

Dènye mizajou: 17 septanm 2026

1. Akseptasyon kondisyon yo

Lè ou kreye yon kont, achte yon fòmasyon, oswa itilize kominote.online, ou aksepte tèm sa yo nèt. Si ou pa dakò ak yo, tanpri pa itilize sèvis la.

2. Kont ou

Ou responsab pou kenbe modpas ou an sekrè epi pou tout aktivite ki fèt sou kont ou. Yon kont se pou yon sèl moun. Pataje aksè ak lòt moun se yon rezon pou nou fèmen kont lan san ranbousman.

Ou dwe ban nou enfòmasyon ki vre epi ki ajou. Nou ka fèmen yon kont ki bay fo enfòmasyon.

3. Fòmasyon ak resous dijital

  • Lè ou achte yon fòmasyon, ou jwenn yon lisans pèsonèl pou w gade kontni an — ou pa vin pwopriyetè kontni an.
  • Aksè ou a rete louvri toutotan platfòm nan ap fonksyone, eksepte si nou fèmen kont ou pou vyolasyon tèm sa yo.
  • Nou ka mete kontni yon fòmasyon ajou, ranplase yon leson, oswa retire yon fòmasyon nan katalòg la. Elèv ki deja achte l yo kenbe aksè yo.

4. Sa ou pa gen dwa fè

  • Kopye, telechaje ak mezi ilegal, revann, oswa redistribiye videyo, PDF ak fichye yo
  • Pataje idantifyan ou oswa lyen telechajman ou ak lòt moun
  • Sèvi ak kontni an pou anseye yon lòt kou san otorizasyon alekri nou
  • Eseye kase sekirite sit la oswa jwenn aksè ak yon kontni ou pa peye

Nenpòt nan aksyon sa yo ap lakòz nou fèmen kont ou imedyatman, san ranbousman, epi nou ka pran mezi legal.

5. Pri ak peman

Tout pri yo an dola ameriken (USD). Nou aksepte kat kredi, PayPal, MonCash, NatCash, transfè ak depo bankè, ak peman kach.

Pou peman manyèl (MonCash, NatCash, bank, kach), kòmand ou an rete annatant jiskaske ekip nou an konfime nou resevwa lajan an. Aksè ou a louvri otomatikman apre konfimasyon an. Sa ka pran jiska 24 èdtan nan jou ouvrab.

6. Sètifika

Nou bay yon sètifika lè yon elèv konplete tout modil obligatwa yon fòmasyon. Sètifika a atesté ke ou fin swiv fòmasyon an sou Kominote Online. Li pa yon diplòm leta ni yon akreditasyon inivèsitè.

7. Limit responsablite nou

Nou bay fòmasyon yo “jan yo ye”. Nou pa garanti okenn rezilta finansye, okenn travay, ni okenn nivo revni. Sa ou reyalize depann de travay ou, mache a, ak sikonstans pa w.

8. Chanjman nan tèm yo

Nou ka chanje tèm sa yo. N ap piblye nouvo vèsyon an sou paj sa a ak dat mizajou a. Si ou kontinye sèvi ak sèvis la apre yon chanjman, sa vle di ou aksepte l.

9. Kontakte nou

Pou nenpòt kesyon sou tèm sa yo: kontak@kominote.online — +1 829-620-9249

Scroll to Top