Dokiman legal
Politik Ranbousman
Kondisyon pou mande yon ranbousman sou yon fòmasyon oswa yon resous dijital.
Dènye mizajou: 17 septanm 2026
1. Prensip la
Tout sa n ap vann se pwodwi dijital. Yon fwa ou telechaje yon fichye oswa ou gade leson yo, nou pa ka reprann yo. Se poutèt sa politik la gen limit klè.
2. Fòmasyon — 7 jou
Ou ka mande yon ranbousman konplè nan 7 jou apre acha a, si ou gade mwens pase 20% nan leson yo.
Pase 7 jou, oswa si ou gade plis pase 20% nan kou a, nou pa ka ranbouse.
3. Fichye Boutik Dijital la
PDF, liv elektwonik, modèl ak kòd: pa gen ranbousman apre telechajman an, paske fichye a rete nan men w.
Si ou poko telechaje fichye a, ou ka mande ranbousman nan 14 jou.
4. Ka nou ranbouse toujou
- Ou peye de fwa pou menm bagay la
- Fòmasyon an pa janm louvri malgre nou konfime peman w
- Kontni an pa koresponn ak sa deskripsyon an te pwomèt
- Yon pwoblèm teknik nan sit nou an anpeche w sèvi ak sa ou achte a, epi nou pa ka repare l
5. Ka nou pa ranbouse
- Ou chanje lide apre ou fin gade kou a
- Ou pa gen tan pou w swiv fòmasyon an
- Entènèt ou oswa aparèy ou pa pèmèt ou gade videyo yo
- Ou te achte pa erè men ou deja telechaje fichye yo
- Ou pataje kont ou ak lòt moun
6. Kijan pou w mande
Ekri kontak@kominote.online ak:
- Nimewo kòmand ou an
- Imèl kont ou
- Rezon w ap mande ranbousman an
N ap reponn nan 3 jou ouvrab.
7. Konbyen tan lajan an pran pou l tounen
- Kat kredi / PayPal — 5 a 10 jou ouvrab
- MonCash / NatCash — 3 a 5 jou ouvrab
- Transfè bankè — jiska 10 jou ouvrab
Lajan an tounen pa menm chemen ou te peye a. Nou pa ka voye yon ranbousman sou yon lòt kont.
8. Kontakte nou
kontak@kominote.online — +1 829-620-9249
