Kesyon Moun Poze Souvan

Sipò

Kesyon Moun Poze Souvan

Repons ak kesyon nou resevwa plis sou fòmasyon yo, peman, sètifika ak kont ou.

Kijan pou m achte yon fòmasyon?

Chwazi fòmasyon an nan katalòg la, klike sou “Mete nan panye”, apre sa ale nan kòmand lan. W ap bezwen yon kont — si ou pa gen youn, sistèm nan ap kreye l pou ou pandan kòmand lan.

Ki metòd peman nou aksepte?

Kat kredi ak debi, PayPal, MonCash, NatCash, transfè oswa depo bankè, ak peman kach.

Konbyen tan peman MonCash oswa NatCash mande pou l konfime?

Peman sa yo se peman manyèl: yon moun nan ekip nou an dwe verifye ke lajan an rive. Sa pran jiska 24 èdtan nan jou ouvrab. Depi nou konfime l, fòmasyon an louvri otomatikman nan kont ou epi ou resevwa yon imèl.

Poukisa kou a pa louvri touswit lè m peye ak MonCash?

Paske nou pa gen yon lyen otomatik ak MonCash. Kontrèman, si ou peye ak kat kredi oswa PayPal, aksè a louvri menm moman an.

Èske m ka gade kou yo sou telefòn mwen?

Wi. Sit la fèt pou telefòn anvan tout bagay. Ou ka gade leson yo sou telefòn, tablèt oswa òdinatè, epi pwogrè w sove kèlkeswa aparèy la.

Konbyen tan m gen aksè ak yon fòmasyon?

Aksè w la rete louvri toutotan platfòm nan ap fonksyone. Pa gen dat ekspirasyon.

Kijan pou m jwenn sètifika m?

Lè ou konplete tout modil obligatwa yon fòmasyon, sètifika a louvri otomatikman nan paj Sètifika Mwen. Ou ka enprime l oswa sove l an PDF.

Èske sètifika a se yon diplòm leta?

Non. Sètifika a atestè ke ou konplete fòmasyon an sou Kominote Online. Li pa yon diplòm leta ni yon akreditasyon inivèsitè.

Yon moun mande m verifye yon sètifika. Kijan?

Chak sètifika gen yon kòd inik. Antre kòd la sou paj Verifye yon Sètifika epi w ap wè si li otantik ak ki fòmasyon moun nan konplete.

Kijan pou m telechaje yon fichye m achte nan Boutik la?

Konekte nan kont ou, ale nan Kont Mwen → Telechajman. Tout fichye ou achte yo la. Ou dwe konekte pou w telechaje — se sa ki pwoteje fichye yo.

Èske m ka pataje kont mwen ak yon zanmi?

Non. Yon kont se pou yon sèl moun. Pataje aksè se yon rezon pou nou fèmen kont lan san ranbousman.

Èske m ka jwenn ranbousman?

Wi, nan sèten kondisyon. Gade Politik Ranbousman nou an pou detay yo.

Mwen pa ka konekte. Kisa pou m fè?

Klike sou “Ou bliye modpas ou?” nan paj koneksyon an. W ap resevwa yon imèl pou w chwazi yon nouvo modpas. Si imèl la pa rive, tcheke dosye spam ou an epi ekri nou.

Kou yo an ki lang?

Tout fòmasyon nou yo 100% an Kreyòl Ayisyen.

Ou pa jwenn repons ou an?

Ekip sipò nou an la pou ou. Ekri nou oswa rele nou — n ap reponn pi vit posib.

Scroll to Top